Sèvis Pwofesyonèl Tradiksyon

Pro-translation SRL pote pou ou sèvis tradiksyon soti nan Kreyòl Ayisyen pou rive nan 100 lang diferan. Nou konnen tout sa ki konsène tradiksyon yo. Tradiksyon pwofesyonèl nou ofri nan Pro-translation lan divize selon nesesite kliyan an. Sa ka rive w bezwen tradui zèv literè, atik, tradiksyon dokiman legal, tradiksyon teknik, medsin, oswa entèpretasyon. Tout sa ki gen pou wè ak tradiksyon, nou fè sa avèk siksè chak jou pou kliyan nou yo ki toupatou nan mond lan.

Fòk nou fè remake ke se sèl yon tradiktè ki gen konesans pou l bay izaj kòrèk yon lang, jagon ki mache a, òtograf ak yon sentaks ki san mank. Poutèt sa, li bon pou w kite tradiksyon nan de (2) pla men ekip nou an. Nou ba w garanti ke w ap gen tèks ki adapte epi ki tradui avèk kalite yon lektè osinon yon moun ki fèt nan lang ap tann epi merite.

Nou souvan tradui nan lang ki pi popilè yo tankou anglè, fransè, alman ak italyen, epi nou gen yon lis 100 lang ke nou ka tradui epi entèprete nan yon fason pwofesyonèl. Kidonk, ou bezwen pi bon kalite nan tradiksyon dokiman yo ? Ou vle pi bon entèpretasyon pou konferans ou yo ? Ou vle mete ekriti anba videyo w oswa tradui yo ? Jwenn tout sa yo ak anpil lòt sèvis tradiksyon nan Pro-translation. Nou se yon ekip pwofesyonèl konpetan disponib pou travay nan pi bon pri ki sou mache a epi avèk pi bon kalite a.
Image
All Rights Reserved © 2024 Pro-translation USA. Translation Services in the United States, the Caribbean, and Europe.